Accueil Podcasts Tchilaks
Tchilaks

Tchilaks

Tchilaks Podcast 108 Épisodes nov. 23, 2025

Podcast sa a pale de tout bagay, melanje 51% pale serye ak 49% pale kleukleu. Se yon podcast ki pa pran tèt li twò oserye, kote animatè yo pale sou plizyè sijè ak anpil imè. Tchilaks se yon non ki bay yon ton lejè ak amizan. Chak epizòd sanble yon konvèsasyon ant zanmi, san presyon.

Épisodes

Ayiti CDM 2026 (avèk Lex)
Ayiti CDM 2026 (avèk Lex) nov. 23, 2025 6521 Nan epizòd jodi a, timesye yo avèk Lex fè yon gwo retou sou kalifikasyon istorik Ayiti pou Koup di Mond 2026 la, yon moman ki make yon paj enpòtan nan listwa espò nasyonal la. Yo pale de sa viktwa sa a vle di pou peyi a, pou fanatik yo, epi pou tout Ayisyen kèlkeswa kote yo ye. Yo analize kijan reyalizasyon sa a pote espwa, fyète, ak yon nouvo enèji nasyonal nan yon peryòd kote anpil moun t ap chè
ZE ou "ZEU"
ZE ou "ZEU" nov. 17, 2025 5339 Aprè plis pase 30 minit kote Thierry tap vide filozofi atè, menm Thierry ankò te pataje yon eksperyans li viv lakay li ki tounen otou de tit epizòd 101 an.Al tande li epi fè nou konnen kisa oumenm ou di: ZE oubyen ZEU? lolENJOY!
Nou BACK
Nou BACK nov. 9, 2025 5606 Menm lè nou pat vrèman al ankenn kote, nou BACK lol... pou nou pote SANTYÈM epizòd Tchilaks Podcast la ki trè espesyal.Nap pouse pou pi devan pou nou ka ajoute yon zero dèyè 100 an. ENJOY!
Revolisyon TIK TÒK
Revolisyon TIK TÒK oct. 13, 2025 5971 Dènye jou sa yo gen yon sòt de boykotaj kap fèt sou rezo a kote yon seri de endividi ki enfliyan sou platfòm TikTok la deside kraponnen fanatik kèk atis pou fè yo pa al patisipe nan konsè oswa pwogram ke atis silaa yo ap pèfòme ladan yo.Demach sa selon endividi sa yo se pa paske yo mechan oubyen egri de atis yo men pito se yon siy pou temwanye kijan yo pa dakò avèk le fèt ke atis yo an jeneral ret
Gason AYISYEN (avèk Jefferson)
Gason AYISYEN (avèk Jefferson) sept. 28, 2025 6602 Aprè yon kòmantè Blondedy Ferdinand te fè nan mikro 2 Tout et de Rien kote li te deklare ke gason ayisyen PRAN PLEZI NAN FÈ FI SOUFRI, ti mesye yo te pran yon ti tan pou reflechi sou deklarasyon chòk sila a.Nan epizòd sa a, yo analize deklarasyon an, yo mete l’ an kontèks epi yo fè yon zoom sou defo ak kalite ki karakterize gason ayisyen – depi vizyon sou fanm rive sou fason yo viv ak relasyon yo.
Recap LABOR DAY 2025 (Avèk Lex)
Recap LABOR DAY 2025 (Avèk Lex) sept. 7, 2025 5012 Epizòd 97 la jan tit la dil la se yon recap de patisipasyon timesye yo nan Labor day 2025 lan ki tap fet nan vil New York. Malgre yo pat enjoy li de kòmansman alafen, kanmenm yo deside pataje ti experyans yo fè a ak oditwa podcast la.ENJOY!
Fè apwòch S*X
Fè apwòch S*X août 31, 2025 5822 Pafwa fè apwòch pou jwenn s*x vini ak yon pil kastèt chinwa, se sou sa timesye yo ap debat nan epizòd 96 la, nan pataje eksperyans pèsonèl griten dan mete pye kidonk ENJOY!
Bèl Nusse
Bèl Nusse août 17, 2025 5340 Epizòd 95 la se yon melanj de yon ti recap sou selebrasyon timesye yo te al fè lèd ladanl semenn pase a ak reyaksyon sou kòmantè 2 epizòd pase yo.ENJOY epi kòmanse pare nou pou epizòd 100!!!
Zero PAUSE (avèk Lex & Jefferson)
Zero PAUSE (avèk Lex & Jefferson) août 4, 2025 8044 Zero PAUSE!Lex ak Jefferson RE rejwenn panèl la. 2 zanmi ESPESYAL podcast la ki kòm dabitid kontribiye avèk ti mesye yo pou pote epizòd 94 la ki rich ak enfòmasyon, rich ak opinyon, rich ak bèt, rich ak flay kidonk rich ak griyen dan.Ti mesye yo fè yon sèl lage: ZERO PAUSE pou yon bèl deba ki te kouvri anpil sijè ki te enteresan e enstriktif. Nou espere ke wap jwenn anpil kontantman nan koutel.Enj
BAUNUSSE pi rèd (avèk Jeff)
BAUNUSSE pi rèd (avèk Jeff) juil. 21, 2025 6261 Jeff te nan kay la avèk timeusyeu pou debat yon sijè byen spesifik men bagay yo chavire epi epizòd la vire an BAUNUSSE!!!Enjoy rèd rèd rèd!
Baunusse san LEX
Baunusse san LEX juil. 16, 2025 3967 Epizòd 92 la gen menm fòma ak epizòd bonus timeusyeu yo te konn fè yo sof ke sila a pa gen LEX aka Vlex aka l'homme qui promène ses chiens sou li lolENJOY!
Ti Absans JUSTIFIÉE
Ti Absans JUSTIFIÉE juil. 9, 2025 3586 Epizòd 91 lan se yon epizòd kote Johalex ak Lhee ap mete may sou fidèl oditwa TCHILAKS la pou eksplike rezon ki fè 3 semenn pase san yon epizòd pa soti. LolEnjoy epi pa bliye fè nou konnen si may yo pase!Randevou kase san mank / san ratman pou epizòd 92!

Recommandé