Accueil Podcasts Memo Pòdkas
Memo Pòdkas

Memo Pòdkas

Fabrice Mésidor, Ricardo Molière 71 Épisodes oct. 31, 2026

Memo Pòdkas analize tout kalite tèks, soti nan aspè literal ak literè. Prezantatè yo envite oditè yo pou dekouvri, konprann ak apresye bote anpil zèv ekri. Podcast la pote yon ti memo chak epizòd pou diskite sou tèks yo.

Épisodes

Epizòd 83 - Mise au point - Daniel Larivière
Epizòd 83 - Mise au point - Daniel Larivière oct. 31, 2026 32:48 Pou klotire ti seri kote nou tal dekotike kèk tèks ansyen jenerasyon, nou tal detere "Mise au point" ke Dany Larivière entèprete. Tèks sa lage travay nan men nou paske konparezon ak lanmou ki fèt yo pa senp.  Al tande epizòd 83 ki disponib tout kote. Pataje avi ou avèk nou epi pa bliye voye yon zanmi, yon fanmi tande li tou. 
Epizòd 82 - Marie Lourdes - Orchestre Septentrional
Epizòd 82 - Marie Lourdes - Orchestre Septentrional oct. 17, 2026 33:37 Pou yon lòt fwa, Orchestre Septentrional tounen nan Memo Pòdkas, ak on ekstrè tire nan on chante ki rele Marie Lourdes. Nan ekstrè sa, otè a t ap fè n dekouvri: Yon nonm k ap tann, yon fanm ki ale, yon absans ki tounen soufrans, ak yon espwa ki pa janm etenn… Al tande epizòd 82 an! Li disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
Epizòd 81 - Lanmou pa plezantri
Epizòd 81 - Lanmou pa plezantri oct. 10, 2026 31:28 Nou tou rete nan letan epi nou rale on lòt gwoup nan ansyen jenerasyon an pou n alize yon tèks yo. "Lanmou pa plezantri" se tèks Le Carribean Sextet ke nou dekòtike nan epizòd 81 an. Kisa lanmou ye pou mesye sa yo? Me ak Mo te reponn ak sa jan yo renmen fè l. Al tande epizòd 81 an! Li disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
Epizòd 80 - Louise Marie - Orchestre Septentrional
Epizòd 80 - Louise Marie - Orchestre Septentrional sept. 26, 2026 31:48 Louise Marie se fanm sila ki te brize kè Roger Colas. Nan yon bolewo klasik ki titre Louise Marie, Roger t ap plenyen jan kè l te fanm an 2 moso aprè yon separasyon. Men, li te pran swen tou pou l soulinye jan l ap kontinye renmen manzè. Me ak Mo te pran plezi debat otou de yon ekstrè tèks sila. Al tande epizòd 80 an! Li disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo. Pa bliye pataje e
Epizòd 79 - Yo pa voye wòch sou mango vèt
Epizòd 79 - Yo pa voye wòch sou mango vèt sept. 19, 2026 31:10 Yo pa voye wòch sou mango vèt. Sa vle di ke yo voye l sou sak mi yo. Kisa mango ak woòch senbolize nan yon ekspresyon konsa? Sipoze se ou ki mango a epi w pran on kout wòch, ès ke w ap panse se paske mi ou byen w ap pran tan pou w analize wòch la? Epizòd sila te pèmèt Me ak Mo brase lide sou bèl metafò sa. Al tande epizòd 79 la! Li disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo. Pa bli
Epizòd 78 - Ou pa gen kann sa nan bouwèt ou
Epizòd 78 - Ou pa gen kann sa nan bouwèt ou sept. 12, 2026 30:30 Gon epòk nou te konn tande sa anpil: Ou pa gen kann sa nan bouwèt ou. Jodiya pou epizòd 78 la, Me ak Mo tounen sou ekspresyon sa ki gen plis ladann ke sa w tande a. Al tande epizòd 78 la! Li disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
Epizòd 77 - Sak pase? N ap boule!
Epizòd 77 - Sak pase? N ap boule! sept. 5, 2026 30:28 Depi w se ayisyen ou paka pa konn sa pou w reponn lè yo mande w "Sak pase". Kesyon-repons sa tounen mak frabrik ayisyen. Li tounen yon etikèk lengwistik. Nan Epizòd 77 la, Me te mande Mo sak pase. Mo pat ezite pou l te di lap boule. Al tande epizòd 77 la! Li disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
Epizòd 76 - "Bagay yo myèl"!
Epizòd 76 - "Bagay yo myèl"! août 22, 2026 28:36 "Bagay yo myèl"! Yon eskpresyon ki fè pati de langaj kouran nou. Kisa w panse de ti pawòl sa? Es ke li kontradiktwa ou pa? Nan epizòd 76 la, Me ak Mo te pran plezi pou pataje opinyon yo.  Al tande epizòd la! Li disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
Epizòd 75 - L'Amour - Wanya Ardouin
Epizòd 75 - L'Amour - Wanya Ardouin août 15, 2026 35:43 Si pou ou lanmou se yon senp santiman, konnen w poko konn Lanmou. A travè yon bèl powèm Mémordue Wanya Ardouin t ap pataje avè nou on verite ke l kole sou li tankou yon etikèt. Me ak Mo kote pa yo te kontan bay avi yo sou yon si bèl verite. Al tande epizòd 75 la! Li disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
Epizòd 74 - Entelijans Atifisyèl: Menas oubyen Alye?
Epizòd 74 - Entelijans Atifisyèl: Menas oubyen Alye? août 8, 2026 32:36 Entèlijans Atifisyèl se yon fòs ki deja antre nan mond nou an. Nou pa gen anpil chwa sou prezans li, men nou toujou gen yon chwa sou relasyon nou pral bati avèk li. Nan epizòd 74 la, a travè yon tèks ke Jean Philippe, yon Memordu voye ban nou,  Me ak Mo pral wè eske Entèlijans Atifisyèl se yon menas oswa yon alye. Al tande epizòd 74 la! Li disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo
Epizòd 73 - "Li"
Epizòd 73 - "Li" août 1, 2026 35:57 Nan nouvo epizòd sa a, n ap dekouvri kijan yon Memordu jwe ak yon senp mo pou l fè pase on mesaj. Dèyè katren sa kache yon refleksyon sou chanjman, prezans, absans, memwa ak santiman.Me akMo te pran plezi nan pataje konpreyansyon yo sou tèks la.  Al tande epizòd 73 la! Li disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
Epizòd 72 - Ann konte byenfè l yo
Epizòd 72 - Ann konte byenfè l yo juil. 25, 2026 35:31 Mo te deside temwanye grandè Bondye a travè on senp katren (4 ba) epi Me li menm t ap dekòtike l selon sa l konprann. Al tande epizòd 72 la! Li disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.

Recommandé